Deklarasyon woumble nasyonal kont dappiyanp k ap fèt sou tè ak min nan rejyon Nò ak Nòdès peyi a
Solidarite ak peyizan Ayisyen k ap batay an favè revandikasyon yoSavanolèt, Prevwayans (Wanament), jou ki 8 jen 2023.Nou menm divès òganizasyon sosyal ki sòti nan 10 depatman peyi a, nou reyini jou ki 8 ak 9 jen 2023 nan Prevwayans, anba envitasyon òganizasyon ak mouvman peyizan nan rejyon Nò ak Nòdès, anba lobedyans Mouvman Peyizan pou Defann Enterè Savanolèt (MOPDES), Kòdinasyon Peyizan Seksyon KominalBa Maribawo (KPSKBM), pou nou reflechi sou sitiyasyon peyi a espesyalman sou nesesite pou kore batay ti peyizan Prevwayans yo ap mennen pou defann dwa yo genyen […]